Aprè plizyè pakou popilasyon Jakmèl la te fè, nan lide pou mande depa lokatè palè nasyonal la, son ekselans Jovenel Moïse. Kote yo te komanse sikile nan ri yo pasifikman, manifestasyon an ta pwal fini an ke pwason nan zòn avni la liberté. Lè manifestan yo ta pwal rive nan zòn komisarya Jakmèl la, yo ta pwal lanse anpil woch ak boutey ki ta pwal sisite ajan fòs de lòd yo fè izaj gaz akrimojèn épi tire à wotè Dòm ki ta pwal bay yon bilan de 4 jènn gason ki blese pa bal: Jude CADET, Roodmy JEAN-JULIEN, Orlando Junior ROCK, Schneider LAFORTUNE Ki te oblije transpòte nan lopital St Michel Jakmèl la an ijans pou swen nesesè.
Grégory Elmond
Crédit 📷: Chrisfort Photography
Crédit 📷: Chrisfort Photography

I feel so sorry to hear that
RépondreSupprimer